AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ruthny Mathurin pran direksyon Vye kontinan an

imaj atik la

22 dawout 2025   Jacky Chéry   457

Defansè entènasyonal ayisyèn Ruthny Mathurin pran direksyon Ewòp kote l pral evolye nan Racing Power FC nan peyi Pòtigal.


Aprè anviwon 4 lane ap evolye nan chanpyona inivèsitè ameriken an (NCAA) Grenadye 24 lane an pral gen pou jwe sezon sa nan Liga BPI an, premye divizyon chanpyona fanm Pòtigal lan.

Daprè Haïti Tempo, Ruthny Mathurin ateri ayè jedi an nan peyi Pòtigal kote l ap gen pou siyen premye kontra pwofesyonèl li.

Yon gwo opòtinite pou jèn defansè ayisyèn lan ki grandi nan ranch Kwadèboukè. Annatandan ofisyalizasyon kontra sa, Ruthny Mathurin ap pare pou viv youn nan pi gwo eksperyans karyè foutbòl li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )