Nan kad tiraj osò CONCACAF fè ayè nan aswè mèkredi 20 dawout 2025 lan, seleksyon nasyonal ayisyèn fanm nan pral kwaze nan gwoup D an avèk Repiblik Dominikèn, Sirinam, Beliz ak Angiya nan W Championship lan.
Aktivite yo pral reprann pou medam yo nan zòn lan depi aprè premye edisyon Gold Cup fanm nan n ki te jwe nan kòmansman lane an. Nan tiraj osò sa ki fèt lan, CONCACAF rive klase 30 asosyasyon foutbòl nan zòn lan nan 6 gwoup ki gen 5 ekip yo chak.
Grenadye an ki twouve yo nan 49èm plas klasman mondyal FIFA a, pral gen pou kwaze 4 ekip nasyonal ki mwens byen klase pase l nan zòn lan. Nan fòma sa, seleksyon ayisyèn lan gen obligasyon fini premye pou kapab jwenn yon plas pou dènye faz la k ap gen pou jwe ak 8 ekip.
Yon match revanch pou Grenadye yo
Nan kad seri konfwontasyon sa yo, prensipal advèsè ekip nasyonal lan se pral Repiblik Dominikèn, sèl peyi Ayiti pataje fwontyè tè avè. Yon konfwontasyon ki rive nan yon moman tansyon diplomatik ant 2 peyi sa yo ki fòme zile an.
Annatandan CONCACAF devwale dat ak nan fòma match yo pral gen pou jwe an, anpil atansyon rive sou medam yo ki gen pou prensipal objektif kalifye yon lòt fwa pou yon faz final mondyal aprè Ostrali-Nouvèl Zelann 2023 a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou