AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Arcus Carlens demare ak yon viktwa nan Ligue 1

imaj atik la

17 dawou 2025   Benswilkenson Jean   826

Defansè Grenadye a Arcus Carlens byen demare sezon l nan Ligue 1. Angers kòmanse ak yon viktwa.


Nan yon sistèm ak 3 defansè, entènasyonal ayisyen an te titilè pou Angers fas nouvo klèb pansyonè Ligue 1 an Paris FC.

Carlens Arcus te vrèman yon ròk solid nan defans lan pou ekip Angers ki te jwenn grenn gòl match la depi nan 9èm minit.

Selon estatistik yo grenadye a ranpòte 4 sou 6 dyèl atè yo ak 3 sou 4 dyèl anlè yo. Li fè yon presizyon pas ki evalye ak 75%.

Yon seri estatistik ki te montre gwo enpak ayisyen an pou premye match klèb li sezon sa nan chanpyona fransè a.

Selon SOFASCORE, Grenadye a fini match la ak pi bon nòt nan 3 jwè ki te nan defans lan pou ekip Angers a. Sofa note li 7.4.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )