Marta ki se jwèt non Estimé Verlene, ansyèn jwez Exafoot ak Anacaona.
Estime Verlene fèt nan dat 15 septanm 1997 nan vil Leyogàn depatman Lwès peyi Ayiti. Li fèt nan yon fanmi 5 pitit (li gen yon frè ak 3 sè) li se anvan denye ki vle di 4èm pitit.
Majorite moun konnen Verlene sou non Marta. Marta jwe pòs defansè santral ak mitan tèren defansif. Jwè prefere l se defansè brezilyen an Tiago Silva.
Marta grandi nan yon fanmi ki pa t twò apresye foutbòl pou li. Selon sa li fè nou konnen paran l te menm refize premye apwòch yon moun te fè yo pou entegre jèn jwez la nan Exafoot (yon klèb foutbòl fanm nan Yogann).
"Mwen te konn jwe tikan bò lakay mwen ak ti mesye yo. Yon lè gen yon mesye ki wè m ap jwe, li ale kote paran m li di yo li ap mete m nan Exafoot. Paran m yo pa t aksepte paske yo pa t vle m jwe foutbòl" selon Estime Verlene.
Chans li pa t rete la malgre paran l pa t vle men desten t a p fè chimen l. Finalman li te vin rantre nan Exafoot nan lane 2010 epi aprè yon estaj nan ranch Kwadèboukè a ak klèb la yo te tou kenbe l tèlman pèfòmans li te bon.
Pasyon jwez la pou foutbòl sòti lwen. Admirasyon l te gen pou jwèt la te fèl vin renmen l epi pratike l. Malgre li pa t jwenn ankadreman li pa t pèdi espwa li te kontinye jwe.
"Mwen pa t jwenn ankadreman, mwen te renmen l epi mwen kontinye jwe" deklarasyon Estimé Verlene.
Apire 3 lane pase nan akademi Exafoot la, Marta pral debake nan klèb Anacaona a (yon lòt klèb fanm nan Leyogàn) nan lane 2013. Ak klèb Anacaona a li te jwe chanpyona nasyonal nan lane 2023 ak 2024.
Estimé Verlene jwe nan plizyè kategori nan seleksyon nasyonal la. Li te jwe pou seleksyon U15 ak seleksyon U23 a.
Li gen anviwon 15 lane depi l ap jwe foutbòl. Li kòmanse nan jwèt la depi ak 13 lane. Li jwe 3 final nan karyè l deja ak Anacaona.
Pou kounya l ap antrene ak klèb Exafoot la, li jwe tounwa (La decouverte ak Elite) avèk yo men li poko gen okenn konfimasyon sou avni l.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou