Depi vandredi a, plizyè nan gran chanpyona majè yo lanse pou sezon 2025/2026 la kote tout klèb yo pral gen pou defann sezon an. Pami konpetisyon sa yo, se ka pa peyi Angletè ki te gen yon match chòk Manchester United vs Arsenal nan premye jounen an.
Pou kontinye ak premye jounen Premier League la, te gen premye match chòk jounen sa ki te mande pou Arsenal fè deplasman ale afwonte ekip Manchester United la. Nan Old Trafford la, Arsenal bat United pou premye sòti yo.
Sou yon konè Rice tire, Calafori make sèl gòl rankont lan nan dezyèm poto a nan 13èm minit. Aprè Red Devils yo ankese gòl sa, yo te eseye pran kontwòl rankont lan pou chache jwenn egalizasyon anvan yo panse ak viktwa. Sou faz ki te ka mennen ak egalizasyon an, Dorgu wè balon li a kraze nan poto e Raya ki se pòtye Gunners yo ede ekip la nan plizyè balon li anpeche antre nan kan.
San konvenk piblik la ak estil jwèt yo konn abitye pwodwi a, jwè Mikel Arteta yo fè yon viktwa ki enpòtan pou lanse sezon an. E lè nou konnen tout ti detay konte pou bay tit nan fen sezon an, se depi bonè pou yon ekip ki vle chanpyon komanse byen. Kote MU, Ruben Amorim kòmanse mal sa ki kapab fatal pou li tout fwa pa ta gen chanjman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou