ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Yon ekip gentan viktim règ 8 segond lan nan Premier League la

imaj atik la

16 dawou 2026   Benswilkenson Jean   489

Chanpyona Premier League la demare semèn sa nan peyi Angletè, ekip Burnley la gentan viktim anba règ 8 segond lan.


Nan kad premye jounen Premier League la, Burnley te jwe kont ekip Tottenham lan. Yo pran kalòt marasa 3-0 nan men Spurs yo. Sa ki te plis make match la se nouvo règ IFAB la.

Nan 3èm minit match la, gadyen eslovak la Dubravka te kenbe balon an nan men l pandan l tap fè vire tounen nan kare a yon fason pou kase presyon Spurs yo. Men gadyen an te bliye règ 8 segond lan. Li te sezi lè li wè abit la soufle kònè pou ekip Tottenham lan.

Kisa règ 8 segond lan ye?
Nan mwa mas la, IFAB ki se enstans ki ap règlemante prensip jwèt foutbòl la te vote yon nouvo règ. Nouvo règ sa te deja antre an konsiderasyon depi lè mondyal klèb la.

Règ sa di, yon gadyen pa gen dwa kenbe yon balon plis pase 8 segond nan men l. Vyolasyon règ sa se ap yon kònè dirèk pou ekip advès la.

Lwa sa abit la te aplike sou Dubravka ki te depase limit 8 segond lan ak balon an nan men l.

Dubravka se premye gadyen ki kite erè sa rive l pou kòmansman sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )