Liverpool rate premye twofe pou sezon an kont Crystal Palace nan seyans penalite.
Reds yo jwe jodi a final Community Shield la kont ekip Cristal Palace la.
Yon match ki te fini 2-2 nan tan reglemantè an. De ekip yo ta pral separe nan seyans penalite.
Rive nan penalite, ekip Arne Slot ap dirije a ta pral pèdi 3-2 kont Cristal Palace ki rive pran premye twofe l pou sezon 2025-2026 la.
Twofe sa klase kòm dezyèm twofe nan tout istwa ekip Cristal Palace la sezon pase ki te pran FA Cup la.
Kanta pou Reds yo, yo rate posiblite pou te pran premye twofe yo pou sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou