ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI ArabCup

ArabCup

Karim Benzema jwenn rezon sou Nacho pou yon lòt twofe

imaj atik la

31 me 2025   Neuvième Junior   816

Yè vandredi a, final Koup Diwa te demare nan estad King Abdullah Sport City de Djeddah. Pou dekwoche tit la, 2 klèb ki te plis pèfoman nan pakou konpetisyon an te anfas pou jwe final sa. Gras ak yon atakan ki reponn pou konfime reyisit li sezon sa, Tig yo sòti ak viktwa a san pwoblèm.


Yè vandredi a, final Koup Diwa te demare nan estad King Abdullah Sport City de Djeddah. Pou dekwoche tit la, 2 klèb ki te plis pèfoman nan pakou konpetisyon an te anfas pou jwe final sa. Gras ak yon atakan ki reponn pou konfime reyisit li sezon sa, Tig yo sòti ak viktwa a san pwoblèm.

Fas Al-Ittihad, Nacho Fernández ansyen Madrilèn, te mennen Pierre-Emerick Aubameyang ak klèb Al Qadisiya sou tèren an pou eseye defye e pran twofe a kont jòn e nwa yo. Karim Benzema ki te swete fini sezon an bèl, te jwenn gòl ki te debloke sitiyasyon an nan 34èm minit sou yon bèl sant Steven Bergwijn te fè. Al Ittihad double avantaj lan sou yon kout tèt Houssem Aouar (43èm, 2-0), anvan menm Aubameyang te redwi eka sou yon penalite jis avan poz mitan an (45+6, 2-1).

Aprè poz mitan an, ekip yo fè tout tan ap jwe pou eseye pote chanjman nan tablo afichaj la, Benzema ki se yon abitye ak koze make gòl nan fen match, mete so sou viktwa koyekipye li yo pandan li make dezyèm gòl pèsonèl li (90+4èm, 3-1), sou yon pas konpatriyòt li Moussa Diaby te fè pou li.

Al Ittihad, ki apèn sot kouwone nan chanpyona Arabi Sawoudit la, te youn nan ekip ki favori pou ranpòte Koup Diwa Arab la sitou ak pilye yo Karim Benzema ki fini twazyèm meyè bitè chanpyona ak 21 gòl. E gras ak siksè sa, Tig yo pran 2 tit pou sezon an pandan ansyen atakan Real Madrid la ajoute yon lòt twofe nan palmarès li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )