Depi kèk tan, responsab foutbòl nan peyi Arabi Sawoudit ap chache fè tout sa yon konnen pou rale anpil jwè ki ap domine mond foutbòl la. Nan tantativ sa yo, klèb Al-Nassr lan te konvenk Cristiano Ronaldo pou vin pote kout men ak ekip la.
Cristiano Ronaldo ki te aksepte sa nan lide pou leve defi a ak ajoute plis tit nan palmarès li, toujou ap kouri dèyè yon twofe ki gen valè ak ekip la. Pou SPL la klèb Al-Nassr a deja di babay menm jan sa ye pou Koup Diwa Arabi a. Poutan, nan koze Ligue des Champions Azyatik la, CR8 a toujou vivan ak ekip li.
Aprè yon bèl viktwa (4-1) kote Durán 27èm, 49èm minit, Cristiano Ronaldo 38èm epi Sadio Mané 31èm minit bitè pou jòn e ble yo, klèb sawoudyen an fè yon eksplwa sou Yokohama F. Marnos klèb peyi Japon, pou pase men pran kalifikasyon pou demifinal C1 Azyatik la.
Pou yo kapab pase demifinal la, Al-Nassr gen obligasyon pou retire sou wout yo, yon lòt klèb Japon ki se Kawasaki Frontale. Tout fwa Cristiano Ronaldo ak tout ekip la ta rive bat, yo gen posiblite pou kontre ak Al-Hilal oubyen Al-Ahli sa ki ap vle di yon final 100% klèb Arabi.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou