ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Cristiano Ronaldo modi ak klèb Al-Nassr a

imaj atik la

30 avril 2025   Neuvième Junior   785

Ayè madi a, Al-Hilal ki se youn nan meyè klèb nan chanpyona Arabi Sawoudit la,li te gen pou li kontre ak Al-Ahli nan demifinal Ligue des Champions Azyatik la. Avèk Riyad Mahrez, Al-Ahli mete deyò ti mesye Jorge Jesus yo deyò ak yon eskò (3-1).


Jodi a menm, fanatik Ligue des Champions Azyatik yo viv yon lòt sipriz nan estad Roi-Abdullah nan Djeddah. Aprè klèb sawoudyen an te fin elimine Yokohama F. Marinos san difikilte nan kadefinal (4-1), Al-Nassr pa reyisi pase fas yon lòt ekip japonè.

Fas Kawasaki Frontale nan demifinal C1 Azi a, Cristiano Ronaldo ak Al-Nassr koule (2-3) lakay yo e kite konpetisyon an tèt atè. Depi nan 10èm minit, Al-Nassr te wè ekip la pran avantaj la nan tablo afichaj la. Gras ak Sadio Mané 28èm minit ekip la te jwenn egalizasyon. Men, defans la trayi fòmasyon Stefano Pioli a. Yuto Ozeki (41èm) e Akihiro Ienaga (76èm) te pèmèt Kawasaki ekate li plis nan eskò a. Anvan rankont lan fini, nan 87èm minit, Ayman Yahya te mete presyon sou vizitè yo ak yon bèl gòl a nenpòt 25 mèt. Malerezman li te two ta pou yo.

Fas ak sa, CR7 rate sèl chans li te genyen pou pran yon tit pou sezon an ak klèb li Al-Nassr. Abitye chanpyon tout kote li pase yo, Cristiano Ronaldo sanble gen yon malediksyon ki jwenn plas bò kote l nan kontinan Azyatik la akoz li pako kapab pran yon tit ki gen valè pou 3 sezon. Kawasaki ap gen pou li defye Al-Ahli nan final Ligue des Champions an. Posiblite pou Riyad Mahrez ak Roberto Firmino pran yon tit aprè yo te fè l nan kontinan ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )