ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Riyad Mahrez kòmante deklarasyon Cristiano Ronaldo sou nivo Saudi Pro League la

imaj atik la

21 jiyè 2025   Jacky Chéry   526

Ansyen atakan Manchester City an, Riyad Mahrez, pa mete dlo nan bouch li pou reponn Cristiano Ronaldo ki te fè konprann nivo Saudi Pro League lan pi wo pase Ligue 1 an. Atakan aljeryen an k ap evolye nan peyi Arabi Sawoudit fè konnen li pa dakò avèk lejann pòtigè an.


Nan yon entèvyou avèk jounal L'Equipe, Riyad Mahrez fè konnen 5 chanpyona majè ewopeyen yo toujou devan nan nivo foutbòl Mondyal la. Yon repons sèch ak deklarasyon Cristiano Ronaldo an ki t ap fè lwanj nivo Saudi Pro League lan nan jou ki sot pase an.

« Non, mwen panse 5 pi gwo lig ewopeyèn yo devan toujou, aprè nou kòmanse ap rivalize lòt yo », deklarasyon ansyen jwè Manchester City an, k ap evolye depi 2 sezon nan peyi Arabi Sawoudit. Pou Mahrez, Saudi Pro League la pa lwen wo nivo foutbòl ewopeyen an.

« Pandan 2 sezon mwen gen isi an, mwen santi yon gwo pwogresyon nan ekip yo, nan antrenè yo, sou plan taktik ak òganizasyon », toujou atakan aljeryen an ki konfime jefò k ap fèt nan peyi mwayen oryan pou fè Saudi Pro League lan vin youn nan chanpyona ki pi atraktif nan mond lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )