Aprè Al-Hilal te fin pran biyè kalifikasyon li pou demifinal Ligue des champions Azyatik la, se te kou pa yon lòt klèb Arabi Sawoudit. Devan yon piblik ki te reponn prezan pou sipòte ekip yo, Al-Ahli teke bò tèt Buriram United nan faz kadefinal C1 Azi a.
San lache objektif yo ki se fè final konpetisyon sa e menm rive chanpyon pou sezon an, R. Mahrez 4èm minit, Galeno 6èm ak entènasyonal brezilyen R. Firmino 30èm, rale tikè disponib pou demifinal la sou klèb taylandè a aprè yon (3-0).
Gras ak biyè kalifikasyon sa, Roberto Firmino ak koyekipye li yo pral gen pou jwe demifinal konpetisyon sa kont yon advèsè ki pa ditou fasil. Ekip yo ap gen pou jwe demifinal sa, fè fanatik yo wè li kom match chòk konpetisyon an akoz tou 2 klèb yo ap jwe nan menm chanpyona.
Sezon pase, Al-Hilal t ap domine epi mache bat ekip lakay li yo, men sezon sa diferan. Èske li ap rive mete do Al-Ahli atè pou li pase pou final C1 an? 29 avril repons lan ap vini.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou