Gen yon bonjan kriz ki pete ant Al Hilal ak Federasyon Foutbòl Arabi Sawoudit la (SAFF). Klèb la anonse li p ap patisipe nan Sipèkoup 2025 la ki dwe jwe nan Hong Kong sòti 19 rive 23 dawout. Yon desizyon ki fè dirijan yo fache, ki ka mennen gwo sanksyon kont klèb la.
Kat (4) ekip te deja seleksyone pou patisipe nan Sipèkoup 2025 la: Al Hilal, Al Nassr, Al Ittihad ak Al Qadsiah. Konpetisyon sa a fèt sou fòm 2 demifinal ak 1 final, pou premye fwa, yo te deside òganize l deyò Arabi Sawoudit, nan vil Hong Kong.
Al Hilal voye yon lèt bay federasyon an pou fè konnen li p ap patisipe. Klèb la jistifye retrè li a li di fatig ak twòp chaj fizik jwè li yo jwenn pandan dènye mwa yo, espesyalman ak Mondyal Klèb la kote yo te fè gwo jefò.
Men desizyon sa a pa pase byen nan estaf SAFF. Federasyon an eksprime fristrasyon li, li di li pa t atann yon desizyon konsa nan yon tan konsa. Yo mete aksan sou jan sa kapab deranje òganizasyon konpetisyon an ak afekte imaj foutbòl sawoudyen an sou plan entènasyonal.
Nan kominike ofisyèl li, SAFF fè konnen li pral pran mezi sevè, jan sa prevwa nan atik 8 règleman yo. Al Hilal kapab oblije peye yon amann ki rive jiska 500 mil riyal saoudyen (plis pase 130 mil dola ameriken). Epi ka a ap pase devan Komisyon Disiplin ak Etik federasyon an, kote lòt sanksyon yo posib, tankou sispansyon oswa entèdiksyon pou pwochen edisyon yo.
Selon sa ki sòti nan laprès saoudyen ak entènasyonal. Al Ahli se klèb ki gen plis chans ranplase Al Hilal. Okenn anons ofisyèl poko fèt, men sa sanble pi bon opsyon pou konpetisyon an kontinye nòmalman ak 4 ekip.
Desizyon Al Hilal la mete yon lonbraj sou prestij Sipèkoup sa a, espesyalman li t ap jwe nan peyi etranje pou premye fwa. Federasyon an pa vle kite move egzanp sa pase san konsekans.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou