Nan lakou Arabi Sawoudit, chanpyona a rete twa jounen pou li rive nan bout li. Fas ak koze sa, Al-Hilal ki se chanpyon an tit jiska prezan, kontinye mete presyon sou lidè a pou anpeche tit la vini avan lè.

Aprè viktwa KB9 fin fè ak koyekipye li yo, Al-Hilal ki dezyèm nan chanpyona a te gen randevou jodi a pou frape tèt ak Al Oruba pou konnen si y ap kontinye mete presyon sou Tig yo.
Pou anpeche lidè yo konte 9 pwen nan klasman avan 3 dènye rankont ki rete yo, pwoteje Jorge Jesus yo te mize sou Mitrović 28èm, Aldawsari 65èm ak jèn pepit brezilyen Kaio César 90èm e 90èm +2 pou pase lòt flannè yo kat gòl (4-0). E avèk viktwa sa ble yo fè a, klèb Al-Ittihad la oblije kontinye viv ak pasyans avan yo ta leve tit sa.
Si nan match ale a, Al-Oruba te pran (5-0) nan men yo, pou retou a li pran (4-0) sa ki fè yo ankese 9 gòl nan men koyekipye Malcom yo san yo pa bay menm youn.
Tout fwa KB9 ta kontinye avanse san defèt ak jòn e nwa yo, se tant l sp wè chans pou li chanpyon an rete bò kote l.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou