Ak 40 lane, Cristiano Ronaldo pako kapab chita toujou. Pou sezon sa, Pòtigè a make 35 gòl e bay 4 pas pou 41 match jwe tout konpetisyon yo. Menm sil fè tout efò sa, li pa ranpòte Saudi Pro League la yon konpetisyon li ap kouri dèyèl depi 2 lane. Malgre tou, pou yon lot fwa ankò li fini meyè bitè Ligue la. Yon ti konsolasyon pou ansyen jwè Real Madrid la ki pran yon lòt touni nan pakou l paske kontra l ak Al Nassr ap kanpe 30 jen.

Ayè lendi a, dènye jounen SPL la t ap jwe pou sezon an fini. Pou kloti a, Al-Nassr ak Al-Fateh livre yon match ki te gen anpil entansite ladamn. Malerezman, Cristiano Ronaldo bitè ak Sadio Mané asiste ak defèt Al-Nassr (3-2) pou dènye sòti yo.
Al-Hilal li menm chavire Al-Qadsian (2-0) pandan Al-Ahli genyen Al-Riyad gras ak yon penalite Ivan Toney transfòme. Deja chanpyon, Al-Ittihad ranpòte dyèl li a sou Damma sou yon gòl Steven Bergwijn (1-0).
Aprè dènye jounen an, Al-Nassr ki fini nan twazyèm plas lan rate okazyon pou jwenn kalifikasyon pou ale jwe Ligue des Champions Azyatik la sezon k ap vini an. Al-Ahli ki chanpyon dènye edisyon an vini twazyèm ekip nan Saudi Professionnal League la ki pral jwe C1 Azyatik la malgre yo fini 5èm nan chanpyona a.
Nan sa ki konsène entènasyonal pòtigè a, li twouve li nan yon pozisyon kote li ta dwe pran desizyon ki pou ta ede l pandan l ap konte ane pou fè yon kraze kite sa. Aprè Neymar Jr te fin kite klèb Al-Hilal lan, direksyon klèb la ap milite pou eseye jwenn yon jwè ki gen gwo renome, aprè tantativ yo te fè nan mitan sezon an pou eseye konvenk CR7, responsab yo tounen pou yon dezyèm fwa kote yo ta renmen jwenn sèvis li anvan Koup Dimond klèb Chanpyon yo kòmanse. Nan yon lòt bò Al-Nassr pwopoze bitè a pou kontinye avanti a ak yo pou eseye goumen pou tit la lòt sezon.
Men lè nou konnen jan Cristiano Ronaldo renmen leve defi, sa kapab frennen li sou desizyon l ta dwe pran an favè Al-Nassr ki ap gen pou jwe sèlman chanpyona lakay li. Ble yo ki gen pou dispite premye gwo konpetisyon klèb yo, ap gen plis agiman pou konvenk pòtigè a ki te deja ekri yon mesaj pou di sa fini. Èske CR7 pral anfas Real Madrid nan konpetisyon sa? N ap tann.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou