ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Karim Benzema ajoute yon lòt twofe nan karyè pwofesyonèl li ak Al-Ittihad

imaj atik la

15 me 2025   Neuvième Junior   875

Yon viktwa, se sa sèlman Karim Benzema ak klèb Al-Ittihad la te bezwen pou detwone ekip Al-Hilal lan ki te ranpòte chanpyona Arabi Sawoudit la sezon pase.


Nan kad 32èm jounen Saudi Pro League la, Tig yo deplase pou al jwe sou pelouz Al-Raed la. An bon lidè, klèb ki gen lokal li chita nan Djeddah te gen posiblite pou bay tèt li tit la si yo fè viktwa.

Ebyen, sa tout jwè jòn e nwa yo te swete a rive fèt. Avèk yon bèl reyalizasyon, Steven Bergwijn, Danilo Pereira ak Abdulrahman Al-Aboud, ti mesye Laurent Blanc yo pran 3 bèl pwen pou gen men yo poze sou twofe a.

Malgre Oumar Gonzalez te louvri eskò a, Al-Raed rive koule (3-1) devan koyekipye KB9 yo sa ki tou fèl kondane pou jwe dezyèm divizyon nan chanpyona Sawoudyen an sezon ki ap vini la. Pou advèsè yo, malgre absans lidè yo Karim Benzema, Al-Ittihad ranpòte chanpyona a aprè yo te rive byen metrize sezon an.

Avèk tit sa ki deja nan pòch Tig yo, Al-Hilal rete twa jounen pou li jwe e viktwa jòn yo jodi a fè yo konte 9 pwen anplis dezyèm lan. Men, tout fwa ble yo ta gen menm kantite pwen ak konkiran yo, sa pap itil anyen paske si gen egalite nan pwen, Al-Ittihad ap toujou pran chanpyona Arabi a pou diferans gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )