ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Karim Benzema kontinye mete espwa lakay ekip li pou tit SPL la

imaj atik la

12 me 2025   Neuvième Junior   568

Dimanch, patnè KB9 yo resevwa Al Fayha nan okazyon 31èm jounen chanpyona a. Ekip lokal la ki te chita lakay li pou tann advèsè a, genyen yo avèk anpil fasilite.


Dimanch, patnè KB9 yo resevwa Al Fayha nan okazyon 31èm jounen chanpyona a. Ekip lokal la ki te chita lakay li pou tann advèsè a, genyen yo avèk anpil fasilite.

San pèdi tan aprè rankont lan te fin kòmanse, lejann madrilèn lan KB9 te sonnen klòch la pou bay direksyon ak koyekipye li yo nan 24èm minit (1-0). Touswit aprè poz kenz minit lan, fransè a double eskò a (2-0, 54èm). Avèk tout atant, Mohammed Al Baqawi fini ak tout anvi advèsè yo te genyen pou tante chanje sitiyasyon an nan 76èm minit (3-0).

Al-Ittihad ki nan tèt klasman kontinye domine pou nan peyi Arabi Sawoudit pou mete twofe sezon an nan pòch yo. Ak viktwa (3-0) devan piblik yo, lidè chanpyona a kontinye espere tit la. Al Fayha plase nan 14èm plas la ak 3 pwen anplis ekip ki nan do l la e se li nan pozisyon ki ap mete l nan D2 Arabi a si pa gen chanjman.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )