ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Sadio Mané maltrete klèb Al-Okhdood la pandan sipèsta klèb la pa la

imaj atik la

12 me 2025   Neuvième Junior   458

Avèk meyè bitè ekip la absan, Al-Nassr te pase vizite 17èm lan Al-Okhdood pou jwe 31èm match li a jodi lendi a nan lokal Prince Hathloul bin Abdulaziz Sports City a.


Avèk meyè bitè ekip la absan, Al-Nassr te pase vizite 17èm lan Al-Okhdood pou jwe 31èm match li a jodi lendi a nan lokal Prince Hathloul bin Abdulaziz Sports City a.

Lakay ekip la, Sadio Mané mennen ekip la al demantibile advèsè yo. Fason masak sa fèt la, sa fè nou panse kapab se paske jwè yo mal pou dijere eliminasyon yo nan Ligue des Champions Azyatik la.

Pou 4 gòl make, Mané 45èm+6, 59èm, 64èm, 74èm, ajoute sou Ahmed 16èm Durán 20èm, 52èm, Brozović 27èm epi Mohammed Marran 90èm+4, Al-Nassr savonnen Al-Okhdood (9-0) pou tounen chita nan 3èm plas SPL la ak espwa kalifye pou C1 sezon k ap vini an.

Cristiano Ronaldo ki pa t prezan nan rankont lan, rate okazyon pou li te fè filè tranble ak ogmante kantite gòl li pou sezon an. Poutan, entènasyonal pòtigè a ki se yon abitye, te ka prezan epi sa pa pase konsa. Men, an absans li, senegalè a fè travay la ak 4 gòl pou ede ekip la.

Al-Ahli ki gen pou jwe final Ligue des champions Azyatik la pou sezon sa, tonbe (3-1) fas Al-Shabab ayè dimanch lan. Defèt sa yo fè a mete yo nan 5èm plas chanpyona Arabi a aprè 31 jounen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )