Nan 3èm jounen La Liga Dominicana a ki te jwe ayè, nan Estadio Parque del Este a. O&M FC ak Salcedo FC ofri yon gwo espektak ak yon match ki te gen 10 gòl. Nan fas a fas sa, tou de (2) ayisyen nou yo frape, keseswa se Herard Frantzety oubyen Jamesley Daniel.
Match sa te mete de (2) nan ekspatriye nou yo fas pou fas, Herard Frantzety (O&M) epi Jamesley Daniel (Salcedo FC). Yon rankont ki te gen yon lòt gou pou Jamesley paske li t ap jwe fas ak ansyen ekip li. Ansyen jwè ASC a pa t pran priyè, li te frape ansyen klèb li fò.
Depi nan kòmansman rankont lan, O&M te mete presyon. Julen Manterola te ouvè bal la nan 6èm minit epi li te double avantaj la nan 8èm minit. Nan 17èm minit, elye ayisyen an, Herard Frantzety, te ajoute yon twazyèm gòl pou O&M. Ekip la te sanble ap kontwole match la nèt, paske byen fasil yo te gentan (3-0).
Men, Salcedo pa t lage. Nan fen premye mitan an (45+3), Jamesley Daniel te redwi diferans lan (3-1). Jairo Alegría te fè (3-2) nan 46èm minit, byen bonè nan kòmansman dezyèm mitan an.
Nan 57èm minit lan, mitan tèren dominiken an Daniel Flores te jwenn egalizasyon an, epi pote match la (3-3). Sèlman de (2) minit aprè, Jamesley Daniel ki nan yo gwo fòm li depi kòmansman sezon an, te frape ankò nan 59èm minit pou mete Salcedo devan (3-4).
Malgre gwo reyaksyon sa a, O&M te jwenn fòs pou retounen. Emmanuel Cuello te egalize nan 79èm minit (4-4). Bryan More te kwè li te bay Salcedo viktwa nan 83èm minit (4-5), men Julen Olasagasti te gen dènye pawòl la nan 88èm minit pou fikse eskò a (5-5).
Match sa a make kòm youn nan pi bèl espektak foutbòl sezon an jiskaprezan, kote fanatik yo te jwenn dis (10) gòl nan yon sèl rankont foutbòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou