AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

La Liga Dominicana : Jamesley Daniel ap mache sou dlo depi kòmansman sezon an

imaj atik la

17 dawout 2025   Steve Pierre   970

Atakan ayisyen an, Jamesley Daniel, ansyen jwè ASC an Ayiti epi ansyen atakan O&M FC, ap fè yon kòmansman sezon ki klere klere nan chanpyona dominiken an. Kounye a, li ap defann koulè Salcedo FC, kote nan sèlman twa (3) jounen boul li gentan make senk (5) gòl.


Nan premye jounen an, kont Atlético San Cristóbal, Daniel te make de (2) gòl nan viktwa (0-6) Salcedo te fè an deplasman. Pou 2èm jounen an, li te frape ankò kont Atlantico FC pou ofri ekip li a yon viktwa (2-1) lakay yo. Epi, ayè samdi 16 dawout ki sot pase a, nan yon match fou ki te fini (5-5) kont O&M FC, Jamesley te make de (2) fwa ankò, kont ansyen ekip li. Yon aksyon ki montre jwè a pa epanye pyès ekip.

A 28 lane, atakan an kontinye montre eksperyans li ak efikasite l nan kare advèsè yo. Nan moman ekip Salcedo ap vize rete nan tèt tablo a, fòm atakan ayisyen an vin tounen yon gwo avantaj pou yo.

Wikenn k ap vini la, Salcedo FC ap gen pou l fè fas ak Jarabacoa nan 4èm jounen an, Estadio Domingo Polonia a. Yon lòt okazyon pou Jamesley Daniel kenbe Salcedo nan tèt klasman an ak gòl li yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )