AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ricardo Adé ak LDU Quito pran nan pyèj Botafogo

imaj atik la

15 awout 2025   Neuvième Junior   267

Nan vil Rio de Janeiro, Botafogo ki se youn nan meyè klèb brezilyen yo, resevwa grenadye a ak koyekipye li yo pou jwe match ale 8èmfinal Copa Libertadores la nan Estádio Nilton Santos la ayè nan aswè.


Nan vil Rio de Janeiro, Botafogo ki se youn nan meyè klèb brezilyen yo, resevwa grenadye a ak koyekipye li yo pou jwe match ale 8èmfinal Copa Libertadores la nan Estádio Nilton Santos la ayè nan aswè.

Byen bonè nan match ki mete LDU Quito fas Botafogo a, Ricardo Adé asiste ak yon fo pa ekip la fè akoz yon gòl ki vini depi nan premye minit lan pou bay avantaj eskò a (1-0). Aprè ouvèti eskò a, klèb ekwatoryen an te eseye pouse pou yo te kapab wè koman yo ta rive chanje sitiyasyon an nan premye peryòd la, elas sa pa t rive. Aprè poz mitan, an bon kapitèn, grenadye a t ap pouse koyekipye li yo pou wè nan ki mezi yo te ka anpeche brezilyen yo fini match ale a ak avantaj grenn gòl sa. Men, sa pa t rive fèt paske brezilyen yo te di, si yo pa ka make yon lòt fòk yo konsève sa. Sa ki rive fèt nan match ale an avan retou a lakay LDU.

Pou tante pase 8èmfinal sa, Ricardo Adé ak tout jwè yo gen obligasyon pou revòlte nan match retou a kote yo ap gen pou bay yon pèfomans ki kapab mennen yo jiska viktwa. Tout fwa yo ta rive fè sa, y ap gen chans franchi yon lòt etap epi espere ale pi lwen nan konpetisyon an. Match retou an ap gen pou jwe 21 dawout 2025 lakay LDU Quito.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )