Apèn monte nan Premier League la, Wilson Isidor tranble filè pou premye fwa nan pi wo nivo chanpyona anglè a.
Wilson Isidor ki gen orijin li ayisyèn, jwe premye match li nan premye divizyon chanpyona elit peyi Angletè a ak ekip Sunderland lan.
Match sa ki te konte pou premye jounen Premier League sezon 2025/2026 la make lespri akoz premye gòl jèn atakan 24 lane a malgre li pa t titilè.
Sunderland te gen randevou ak West Ham nan kad premye jounen an e yo imilye yo 3-0.
Pami bitè yo gen Wilson Isidor ki te monte nan 76èm minit match la ki make dènye gòl la nan 90+2 minit.
Yon bon premye match pou orijinè ayisyen an ki byen kòmanse sezon l nan Premier League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou