AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Futsal ap pran bon jan fòs an Ayiti malgre kriz yo avèk LIPOFU

imaj atik la

15 dawout 2025   Steve Pierre   890

Foutbòl toujou rete espò wa an Ayiti. Nan chak ti katye, chak lakou lekòl ak sou chak teren, ou ka wè timoun kou granmoun k ap kouri dèyè yon boul. Men depi kèk lane, yon lòt fòm foutbòl ap pran plas nan kè fanatik yo : Futsal, yon vèsyon rapid, teknik, trè entans, ki pote menm pasyon foutbòl la men sou yon teren pi piti.


Futsal la se tankou ti frè foutbòl klasik la, men ki gen pwòp cham li ak règ li. Li pèmèt jwè yo devlope kontwòl boul, vitès, bon jan reflèks ak presizyon nan pas yo. Epi, jan anpil obsèvatè remake, se yon bon pon ant teren gazon an ak mond Futsal la. Plizyè jwè pwofesyonèl sòti nan eksperyans Futsal pou yo briye nan gwo foutbòl la, sitou nan peyi Brezil.

Nan mitan mouvman sa a, LIPOFU (Lig Pòtoprensyèn Futsal) ap jwe yon wòl santral, malgre y ap fè fas ak anpil gwo pwoblèm. Depi premye edisyon yo, ki te fèt nan Gymnasium Vincent nan Pòtoprens, òganizatè yo te travay san pran souf pou bay espò a plis vizibilite.

Malgre sa, ensekirite nan zòn metwopolitèn nan te fòse yo deplase baz yo nan Dèlma, kote yo kontinye òganize gwo evènman tankou Operasyon Futsal, Koup LIPOFU, ak Futsal pou fanm tou. Si chanpyona foutbòl fanm nan kanpe depi pase 4 lane, Lipofu li menm kontinye montre zafè espò pa zafè gason sèlman.

Sezon 2025 la te make pa kat (4) gwo konpetisyon :
• 5èm edisyon Operasyon Futsal 2026
• 3èm edisyon Futsal Fanm nan
• 9èm edisyon Koup LIPOFU
• 3èm edisyon Sipèkoup Top Fanfan

Malgre vyolans ak difikilte deplasman, LIPOFU rive rasanble timoun, jèn, granmoun, fanm kou gason, ekip, fanatik, ak antrenè pou mete bèl anbyans nan Gymnasium Ayiti Chéri nan Dèlma 75. Chak match te tounen yon reyinyon pasyon ak solidarite. Siksè edisyon sa yo montre Futsal ap jwenn plas li tou dousman nan listwa espò an Ayiti.

Prezidan Weedmarckens Chery ak tout komite a deklare yo pa gen entansyon ralanti. Objektif yo rete menm jan an: fè Futsal la pran plis jarèt, ankouraje jèn yo, epi fè Ayiti vin yon pwen referans nan disiplin sa a nan nivo Karayib la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )