AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

LIPOFU : Sezon Futsal 2025 lan fini sou yon bon nòt

imaj atik la

15 dawout 2025   Steve Pierre   583

Lig Pòtoprensyèn Futsal (LIPOFU) te fèmen sezon 2025 lan, jou ki te dimanch 3 dawout la, nan yon bèl atmosfè kote final tout kategori yo te jwe menm jou a nan Gymnasium Ayiti Chéri nan zòn Dèlma 75. Twa (3) gwo match te ofri fanatik yo anpil emosyon, pandan yo t ap selebre pi bon talan yo nan operasyon Futsal ane a.


Jou sa a, se te yon bouyon Futsal : 3 match, 3 final, chak ak pwòp listwa yo.

Nan final Koup LIPOFU a, BASSC te pran avantaj sou AFC Delmas ak yon viktwa (3-1) ki konfime dominasyon yo pandan tout lane a nan konpetisyon an. MVP final la se te Jean Louis Pedy. Epi, tit meyè bitè konpetisyon an se Edouard Mackenson ak 6 gòl ki pran l.

Nan 3èm edisyon Futsal fanm nan, FC Girl Squad ak Dumornay FC te fè match nil (1-1) nan tan reglemantè yo, Bianca te make pou Dumornay epi Guerline pou Girl Squad. Tout desizyon te pran nan seyans chout penalite yo, kote Girl Squad te genyen (5-4). Nan match sa a, se gadyèn nan Mikerline Noël ki te fini kòm gwo ewo jounen an ak plizyè parad enpòtan pandan match la ak nan seyans penalite yo tou. Li resevwa tit MVP final la, pandan Nicolas Shesmaïda ( jwez FC Fauve) soti kòm meyè bitè ak 9 gòl sou sezon an.

Pou final chanpyona gason an, Santos FCF te genyen (6-3) kont FC 24, nan yon match kote atak yo te fè gwo espektak. MVP final la se Amedé Peterson. Epi meyè bitè konpetisyon sa se Louis Raynolson ak 16 gòl.

Prezidan LIPOFU a, Weedmarckens Chery, te salye tout jwè, antrenè, òganizatè ak fanatik ki te kontribye nan siksè sezon an ak kèk mansyon spesyal tankou spesyalman sekretè jeneral la Wadlin Registe nan yon nòt lig la te fè sòti. Li raple, malgre tout defi peyi a ap fè fas, Futsal la kontinye rasanble kominote espòtif la nan yon atmosfè solidarite ak pasyon.

Pou meyè jwè, meyè gadyen ak meyè antrenè yo, yo pral remèt distenksyon yo pandan seremoni ouvèti sezon 2025-2026 la ki fikse pou 8 novanm 2025 k ap vini la. Pou yon lòt sezon ankò Futsal la pral jayi nan Dèlma 75 lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )