AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Don Bosco deja reprann tèren antrènman

imaj atik la

15 dawou 2025   Benswilkenson Jean   828

Klèb Don Bosco a ki gen syèj li nan Petyonvil anonse yo reprann antrènman.


Klèb kapital la Don Bosco Petyonvil anonse sou paj facebook yo, yo reprann antrènman pou prepare chanpyona nasyonal la.

Selon kalandriye federasyon ayisyèn foutbòl la chanpyona nasyonal premye divizyon an ta dwe kòmanse nan mwa septanm ki ap vini la.

Toutfwa klèb nwa ak jòn ki gen tinon "Mechan Mechan" deja pran wout tèren antrènman sou direksyon Canès Jean-Charles ak Fils-Aimé Termidor kòm asistan epi Marie Nardine Felix kòm masè ak Claude Rosalva moun plis konnen sou Yongit kòm responsab lojistik.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )