ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Atlético Madrid ap achte jwè, l ap voye ale tou, Colchoneros yo kanpe an mèt mache transfè a

imaj atik la

24 jiyè 2025   Steve Pierre   826

Atlético Madrid ap atake sezon 2025-2026 lan ak anpil anbyans sou mache transfè a. Plizyè gwo non deja mete siyati yo sou papye, pandan kèk ansyen jwè pran lòt direksyon an.


Premye gwo kou klèb la frape se te ak Thiago Almada, mitan tèren ofansif ajanten an, ki sòti nan Botafogo atravè Olympique Lyonnais. Atlético achte li pou 21 milyon ewo, li siyen jiska 2030.

Nan menm liy sa, Álex Baena, youn nan pi bèl talan Villarreal te genyen, siyen ak ATM pou yon montan ki estime a anviwon 42 milyon ewo. Prezans li gen pou l pote anpil kreyativite nan mitan tèren an.

Toujou nan mitan tèren an, Johnny Cardoso, ki jwe pou Etazini men gen rasin brezilyen, kite Betis Séville pou li mete valiz li nan kapital la. Transfè pa li a estime a 24 milyon ewo.

Sou plan defansiv la, klèb la te al chèche Matteo Ruggeri, lateral gòch Atalanta a, pou 17 milyon ewo. Yon ti kras tan aprè, yo finalize tou Marc Pubill, yon jèn defansè dwat ki sòti Almería, pou apeprè 17 milyon ewo tou.

Pou sekirize dènye baryè defans lan, Atlético mete men nèt sou Juan Musso, gadyen atalantan an, pou sèlman 3 milyon ewo. Anplis de sa, yo rekipere Clément Lenglet, defansè fransè a, jwè Barcelone te prete yo a. Jwè 30 lane a se ofisyèlman yon Colchoneros li siyen pou 2028.

Nan lòt sans lan tou, kèk jwè kite klèb la ou kapab kite klèb la. Rodrigo De Paul, aprè plizyè sezon solid, kapab ale nan Inter Miami, enfòmasyon sa rete yon rimè paske poko gen anyen ki ofisyèl. Ángel Correa transfere nan Tigres pou 8 milyon ewo, epi Rodrigo Riquelme al jwe ak Betis Séville pou menm montan an.

Nan lis sa a tou, genyen Reinildo Mandava, ki siyen lib ak Sunderland, Axel Witsel ak César Azpilicueta, ki tounen ajan lib san klèb, finalman Saúl Ñíguez, ki kite klèb la tou aprè li fin koupe 1 nan kontra li te rete. Jwè espanyòl la pran direksyon Brezil pou l sa al jwe anndan ekip Flamengo a.

Mèkato a poko fini, men sa ki sèten, se ke Atlético Madrid ap fè tout sa ki nesesè pou konstwi yon ekip solid, ki ka konpetitif sou tout plan, lokal tankou entènasyonal. Anbisyon yo klè: batay pou tit La Liga a epi fè bon figi nan Champions League la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )