Malgre tout lanmou li te genyen pou nimewo 66 li te konn mete nan Liverpool, Trent Alexander-Arnold pa ka pote nimewo sa a lè li rive nan Real Madrid. Li oblije chwazi nimewo 12. Poukisa? Paske gen yon règ strik nan Liga a ki limite nimewo jwè ekip premye a sòti nan 1 rive nan 25. Men, gen kèk lòt aspè ki ka fè w konfonn... Ann esplike tout bagay byen klè.
Nan chanpyona espayòl la (La Liga), règ la di :
•Tout jwè ki fè pati lis ofisyèl ekip premye a dwe pote yon nimewo ki sòti nan 1 rive 25.
• Nimewo 1 an rezève pou gadyen an jeneral, ou jwenn gadyen yo ak 1, 13, oswa 25.
Sa vle di : Yon jwè tankou Alexander-Arnold pa t ka mande mete nimewo 66 li te genyen nan Liverpool la paske règ nan chanpyona espanyòl la entèdi sa. Nimewo sa a ka itilize sèlman pa jwè ki sòti nan jèn kategori yo (yo rele yo filial oswa cantera) tankou Real Madrid Castilla oubyen Barça Athletic.
Se vre ou ka wè nan yon match Liga oswa Copa del Rey, gen jwè ki mete nimewo 34, 35, 36. Men sa pa vle di La Liga kraze règ li. An reyalite men sa ki pase pafwa:
• Asensio te gen nimewo 35 nan premye match li nan Real.
• Gavi te jwe ak nimewo 30, kounya l ap jwe ak nimewo 6
• Gerard Martín (Barcelone) jwe ak nimewo 35.
Se paske jwè sa yo te sòti nan ekip rezèv la, epi yo te sèlman prete sèvis yo nan premye ekip la pou ranplase oswa ranfòse ekip la.
Sa vle di :
• Si ou soti nan filya l la ou ka mete nimewo pi wo pase 25.
• Si ou se jwè ofisyèl ekip premye a, sa nou te ka rele gwo ekip la, ou pa ka gen nimewo pi gwo pase 25.
Nan ka Trent Alexander-Arnold la, li te mete nimewo 66 pandan tout karyè li nan Liverpool. Li te renmen nimewo sa a paske li te vin tounen yon senbòl pou li. Men nan Real Madrid, li oblije respekte règ La Liga a. Se konsa li chwazi nimewo 12, yon nimewo ki te vin disponib aprè Camavinga kite li. Ansyen lejann Real la Marcelo te mete nimewo sa tou.
Kidonk, si w wè yon jwè Liga mete nimewo 36 oswa 38, pa panse se paske li gen plis pouvwa oswa li espesyal. Se pito paske li sòti nan akademi epi li pa fè pati lis 25 jwè prensipal yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou