ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Se pa Klopp, se pa Joachim Löw, men se pito yon espanyòl pou ranplase Ancelotti

imaj atik la

25 me 2025   Steve Pierre   538

Dimanch 25 me 2025 lan, Real Madrid konfime non Xabi Alonso kòm nouvo antrenè ekip A a. Li va pran fonksyon ofisyèlman 1e jen 2025 epi l ap rete nan tèt klèb la jiska 30 jen 2028.


Xabi Alonso pa etranje ak Real Madrid. Ant 2009 ak 2014, li te mete mayo Merengue a 236 fwa, li te ede klèb la ranmase 6 tit enpòtan, ladan yo Ligue des Champions 2014 la (Décima a), 1 Liga, 2 Copa del Rey 1 Sipèkoup Espay ak 1 Sipèkoup Ewòp.

Anplis de sa, li gen gwo palmarès ak seleksyon Espay la kote li pran yon Mondyal an 2010, 2 Euro an 2008 ak 2012, ak yon total 113 seleksyon.

Aprè li te fin pran retrèt li, Alonso te kòmanse karyè antrenè li nan Akademi Real Madrid kote li te jere ekip U12 yo pandan sezon 2018-2019 lan. Pi ta, li mete non l pi wo toujou lè li te ale an Almay pou dirije Bayer Leverkusen, kote li ranpòte Bundesliga a, Koup Almay la ak Sipèkoup Almay la sou 3 sezon.

Kounye a, li retounen lakay li kòm youn nan pi gwo antrenè nan mond lan nan moman an. Demen lendi 26 me a Real Madrid ap prezante Xabi Alonso ofisyèlman kòm nouvo chèf ban ekip la nan yon seremoni ki ap fèt nan Vila espòtif Real Madrid la. Anvan sa, prezidan Florentino Pérez ap resevwa li anvan pou siyen kontra a ki mare l ak klèb la pou 3 pwochen sezon yo.

Antouka, Real Madrid chwazi mete konfyans li nan yon ansyen sòlda li pou gide ekip la sou wout tit ak glwa ankò.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou