Ansyen mitan tèren lejandè Real Madrid la Toni Kroos montre gwo dout li genyen sou avni jèn atakan Barcelone lan Lamine Yamal sou fason li ap mennen vi l andeyò foutbòl.
Jèn espanyòl la ki mete tout pwojektè sou li nan ekip FC Barcelone lan, pa sispann pwouve l talan l sou tèren jou aprè jou. Men pandan tout sa, gen yon gwo dout sou avni jèn sipèsta a sou fason li mennen vi l an deyò foutbòl.
Entènasyonal alman an Toni Kroos fè yon ti pale sou sa. "Mwen toujou di yon karyè se yon maraton. Nou pral wè sa ki ap pase nan pwochen sezon yo avèk Yamal ak tout sa ki antoure l andeyò foutbòl". Nan deklarasyon sa ansyen jwè Bayern lan fè paralè l ant vi Yamal nan foutbòl ak andeyò foutbòl.
"Siksè pa depann sèlman sou sa ki sou tèren men tou de tout sa ki ap pase deyò tèren an. Tout sa yo gen gran enpak. Fòk ou konn kòman pou w jere tout aspè ki gen nan lavi". Toni Kroos.
Pandan peryòd vakans jèn espanyòl la imaj li ap pibliye anpil kòm yon moun ki ap pwofite lavi. Anpil rimè sou li ki konn ap mandè aktris pònografik sòti, epi òganize fèt prive ak yo.
Toni Kroos sonnen sonèt alam lan sou vi prive jwè a ki ka vin yon andikap pou karyè espòtif li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou