ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Yon dènye dans pou Santi Cazorla nan Liga espanyòl la

imaj atik la

13 Jiyè 2025   Jacky Chéry   584

A 40 lane, Santi Cazorla pare pou viv yon dènye eksperyans nan Liga espanyòl la anvan l mete fen definitivman nan karyè l. Mitan tèren espanyòl la renouvle kontra l avèk Real Oviedo pou yon sezon.


Aprè 25 lane, Real Oviedo reyisi monte nan premye divizyon. Eksplwa sa rive fèt avèk yon bon kout Santi Cazorla ki te detèminan sou sezon an, malgre li fin granmoun. Pou rekonpanse seri pèfòmans sa yo, klèb espanyòl la kenbe mitan tèren 40 lane a nan efektif pou sezon 2025-2026 lan.

Santi Cazorla ki fè yon bèl karyè foutbòl kote l te evolye nan Liga avèk Villarreal epi nan Premier League la sou koulè Arsenal, te ale pote eksperyans lan depi 2023 ak jèn Real Oviedo yo ki monte nan premye divizyon pou sezon sa.

Yon jès ki montre rekonesans klèb lan ak piblik Ovetense an anvè mitan tèren eksperimante sa ki te jwe 35 match sezon pase a nan dezyèm divizyon an kote l te enskri 5 gòl epi delivre 5 pas desizif.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )