Zanmitay Messi-Suarez la franchi yon lòt etap. Fwa sa a nèg yo antre nan domèn pwofesyonèl yo ansanm.
Lionel Messi ak Luis Suarez ki se 2 bon zanmi depi nan klèb FC Barcelone lan, fwa sa a pwouve amitye yo ale pi lwen pase tèren foutbòl.
Anvan sa gen yon istwa ki rakonte kote Suarez te mete madanm ni chita dèyè pou l bay Messi plas devan nan Machin li. Fwa sa a 2 jwè yo ki twouve nan menm ekip nan peyi blan meriken Inter Miami, yo mete tèt yo ansanm yo fonde Deportivo LSM.
Luis Suarez te gentan kouche pwojè sa deja men se te pou kont li. Klèb sa te fonde nan lane 2021 nan peyi Irigwe. Klèb sila te pote non Deportivo LS.
Messi pral rejwenn pwojè a nan mwa me a la kòm manm epi yo tou chanje non klèb la an Deportivo LSM. Klèb sa gen ni kategori fanm ni kategori gason. Yo anba lòd federasyon irigweyèn foutbòl la.
Logo klèb sa ki deja sòti, se yon fizyon mak pèsonèl 2 lejann sa yo ki deside fè yon bagay nouvo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou