Lundi 19 me 2025 la make kòmansman yon nouvo epòk pou ekip fanm Olympique Lyonnais an. Michele Kang, prezidant ak pwopriyetè klèb la, anonse ekip la ap rele kounye a OL Lyonnes, epi yo gen yon nouvo logo tou.
Michele Kang mete aksan sou vizyon li genyen pou foutbòl fanm nan, nan deklarasyon li te fè li te di : « Se yon nouvo demaraj pou ekip nou an. Nou pa sèlman ap chanje non ak logo, men nou vle redefini sa ki posib pou foutbòl fanm nan. Objektif nou toujou se mete plis pwofesyonalis nan anviwònman n ap travay la. »
Prezidant klèb la eksplike ekip fanm lan merite yon idantite apa, diferan de ekip gason an, men toujou andedan fanmi Olympique Lyonnais an, li te di : « Nou vle montre nou se Lyonnes, pa Lyons. »
Pou logo a li toujou kenbe koulè tradisyonèl klèb la : wouj, ble ak jòn lò yon rapèl ak koulè vil Lyon. Logo a gen twa kouwòn pou mete an valè lespri chanpyon ekip la.
Michele Kang mete sou pye tou yon campus pèfòmans 100% fanm. Dapre Vincent Ponsot, li ap gen plizyè teren foutbòl, yon sal miskilasyon modèn, yon sant medikal ak teknoloji avanse. Objektif la se pou mete fanm yo nan bon kondisyon pou yo devlope e reyalize tout potansyèl yo.
OL Lyonnes ap jwe tout match lakay yo kounye a nan Groupama Stadium, ki gen kapasite 57 000 plas. Kang di li konnen se yon gwo defi pou ranpli estad la, men li panse se pi bon kote pou ekip la.
Michele Kang ak ekip li a vle mete OL Lyonnes sou pi gwo sèn nan, ak yon idantite pwòp pa yo, men toujou kole ak listwa epi valè Olympique Lyonnais an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou