Aprè FIFA te pran desizyon pou di ekip Inter Miami an ranpli kondisyon pou patisipe nan Koup Dimond klèb la, anpil moun te chwazi di se poutèt Messi. Akoz ekip la te parèt fèb nan konpetisyon amerikèn yo, sa te fè anpil moun panse yo p ap ka fè pwa nan mondyal la.
Fas klèb ejipsyen an ki se yon chanpyon nan zòn afrik la, Inter Miami te lanse gwo konpetisyon sila. Lè sa Leo Messi ak koyekipye li te konnen yon match nil pou premye match yo (0-0). Dezyèm jounen faz gwoup lan, grenadye a Fafà Picault ak klèb MLS la bat yon ansyen chanpyon ewòp (2-1) gras ak pye goch majik ajanten an.
Pou rankont desizif la, Inter Miami te gen pou chache biyè kalifikasyon yo fas Palmeiras. Kont klèb Brezilyen an, ekip amerikèn lan fè yon dezyèm match nil (2-2) ki sinonim kalifikasyon pou 8èmfinal konpetisyon an. Konsa tou, klèb Inter Miami an fè fyète MLS la paske se sèl ekip ki rive nan faz sa. Toujou nan menm match sa, grenadye a Fafà rate yon okazyon ki te kapab ede klèb Inter Miami an evite tonbe anba men PSG ki se ansyen klèb Leo Messi. Fas ak klèb fransè a ki se chanpyon ewòp sezon sa, tach la p ap fasil pou grenadye a ak koyekipye li yo pou genyen san difikilte.
Men nan foutbòl, tout bagay posib kote Javier Mascherano ak pwoteje li yo kapab elimine PSG lè nou konnen foutbòl se sou tèren ou jwenn rezilta. Randevou ant 2 ekip yo klase pou 29 jen 2025.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou