FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Manchester City pèdi yon gwo jwè pou Mondyal klèb la

imaj atik la

20 me 2025   Benswilkenson Jean   623

Manchester City konnen yon sezon konplike ane sa nan peyi Angletè ak sou kontinan Ewòp la. Men Cityzens yo gen posiblite pou ta pran mondyal la men se san yon jwè enpòtan.


Klèb Cityzens lan konnen yon sezon ki pa twò bon ni sou sèn nasyonal ni sou sèn entènasyonal la.

Pep Guardiola ak ekip li pran yon sèl twofe (Community Shield) pou sezon sa a nan tout konpetisyon yo te patisipe yo. Lòt espwa antrenè espanyòl la se mondyal klèb la. Malgre li p ap gen prezans mitan tèren bèlj la Kevin Debryune ki kite ekip la.

Konpetisyon sa ki ap demare 14 jen ki ap vini la a se pral san prezans Debruyne ki ap kite ekip Manchester City a nan fen sezon an.

"Mwen p ap jwe mondyal klèb la anvan kontra m lan fini. Kiyès ki pral pran swen m si mwen blese? Sa pa gen okenn sans paske mwen dwe pran swen tèt mwen. Se pi fasil pou pran yon desizyon lè w nan ventèn, ou ka demenaje pi fasil. Men kounya mwen gen yon fanmi" pawòl Kevin Debruyne ki tou konfime li p ap ka jwe Mondyal klèb la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou