FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA MondyalClub

MondyalClub

Ansyen klèb Neymar a gen yon dènye chans pou pran biyè kalifikasyon mondyal klèb la

imaj atik la

23 jen 2025   Neuvième Junior   650

Nan dezyèm jounen Koup Dimond klèb yo nan gwoup H la, Real Madrid ki t ap jwe kont klèb Meksiken an Pachuca fè yon viktwa (3-1) pou kapab espere fè pati lis ekip ki ap gen pou jwe dezyèm pati konpetisyon an.


Toujou nan gwoup sa, Al-Hilal ki te fè yon nil fas Real Madrid nan premye match yo, tounen pran yon lòt grenn pwen fas RB Salzbourg ki te genyen meksiken yo nan premye jounen an.

Avèk match nil sa ki bay ansyen klèb Neymar la 2 pwen nan klasman an, ekip sawoudyen an twouve l nan yon pozisyon ki kapab ba yo yon avantaj sou Salzbourg. Nan dènye match faz gwoup la, Real Madrid ki gen 4 pwen nan premye pozisyon an nan yon sitiyasyon ki mande pou yo fè viktwa nan lide pou asire kalifikasyon yo ak premye plas la san difikilte.

Pou sa ki gen rapò ak klèb Arabi a, si espanyòl yo kase mete nan men Otrichyen yo, Al-Hilal ap gen pou chache bat meksiken yo ki gen 0 pwen nan gwoup H la pou 2 defèt. Tout fwa ekip Arabi Sawoudit la genyen Pachuca epi Real Madrid ta bat RB Salzbourg, ble yo ap fini nan dezyèm plas la ak 5 pwen epi pran tikè pou dezyèm tou.

Men si klèb la ta fè nil ak Real Madrid pou Al-Hilal bat Pachuca, 3 ekip sa yo ap konte menm kantite pwen. Lè sa, se lòt kritè yo ki pral depataje yo pou konnen ekip ki ap kalifye. Randevou pou 26 jen nan dènye jounen gwoup H la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou