FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA MondyalClub

MondyalClub

Antoine Griezmann pale pou eksplike eliminasyon ATM nan Mondyal klèb yo

imaj atik la

24 jen 2025   Neuvième Junior   113

Malgre 2 viktwa kont Seattle Sounders (3-1) ak Botafogo (1-0), Atletico Madrid, 3èm nan gwoup B a, elimine depi nan faz poul Koup Dimond klèb yo.


Malgre 2 viktwa kont Seattle Sounders (3-1) ak Botafogo (1-0), Atletico Madrid, 3èm nan gwoup B a, elimine depi nan faz poul Koup Dimond klèb yo.

Nan konferans pou laprès atakan Colchoneros yo Antoine Griezmann ki gen 34 lane e jwe 38 rankont pou 8 gòl nan Liga sezon sa, montre regrè li genyen pou kalòt sa yo te resevwa fas Paris Saint-Germain (0-4) nan kòmansman tounwa a.

"Nou fè kèk match ki enteresan. Men kont PSG, nou pa t byen jere bagay yo. E lè ou pèdi ak tout eka sa depi nan antre a, nan yon tounwa konsa, ou peye l nan fen an. Nou tante tout jan jiskobou, sa pa t mache, kounya se plas ak repo,"se sa ansyen jwè Barcelone lan te deklare nan mikwo laprès.

Si yo pat pèdi fil sa ki te kenbe yo a fas Paris, avèk 2 gòl ankese nan dènye minit, klèb espanyòl la t ap evite echèk sa e ale pi lwen nan konpetisyon an. Malgre 6 pwen nan poul la, yo oblije pran pòt deyò pou diferans gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou