Ak yon gwo demonstrasyon nan premye peryòd la, Paris Saint-Germain pini Javier Mascherano ak jwè li yo (4-0) yè dimanch lan nan kad match 8èmfinal Koup Dimond klèb yo. Aprè rankont lan, Javier Mascherano pale pou eksplike gwo eka ki genyen ant 2 klèb yo.
Malgre yon reyaksyon nan dezyèm peryòd la, Inter Miami pa fè pwa fas PSG. E se sou sa antrenè a te pale.
"Nou te gen chans wè diferans ant 2 ekip yo. Men nou fyè paske jwè nou yo travay anpil epi eseye jwe jis nan fen an. Nou dwe gade devan, paske se te yon bèl eksperyans. Nou te konnen sa ap difisil paske se petèt meyè ekip mond lan", deklarasyon antrenè franchiz MLS la nan mikwo DAZN.
PSG, chanpyon dènye edisyon Ligue des Champions an, pral gen pou defye Bayern Munich, samdi pwochen, pou yon plas nan dènye kare a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou