Premye edisyon Koup Dimond ki reyini yon seri klèb nan tout kontinan yo kòmanse kreye sipriz kote anpil moun te panse klèb ewopeyen yo t ap pral mache sou sa ki sòti tout kote yo.
Premye edisyon Koup Dimond ki reyini yon seri klèb nan tout kontinan yo kòmanse kreye sipriz kote anpil moun te panse klèb ewopeyen yo t ap pral mache sou sa ki sòti tout kote yo.
Poutan, aprè 2 jounen faz gwoup yo, fanatik foutbòl wè bagay yo yon lòt fason sitou ak klèb brezilyen e ajanten yo. PSG ki se chanpyon an tit Ligue des Champions an te kontre ak Botafogo ki se chanpyon amerik la. Rankont ant 2 chanpyon sa yo te fini an favè ekip brezilyen an (1-0).
Aprè rankont sa Paiva te reyaji pou di li itilize "pwazon" PSG a. Nan mikwo DAZN, antrenè klèb Brezil la Renato Paiva eksplike strateji yo te itilize pou bat chanpyon ewòp la.
"Mwen panse nou tiye PSG avèk menm pwazon yo a. Yon bèl ekip, yon jwèt kolektif ki soude, tout moun ap defann, tout moun ap atake e se sa ki pi gwo sekrè PSG. Nou fè yo menm bagay la ak menm pwazon an. Se konsa yo jwe epi genyen. Se sa nou fè. Mwen di mesye yo nou dwe yon ekip ki pran plezi nou, jwe ansanm, atake ansanm, defann ansanm epi pwofite. E se egzakteman sa yo fè". Deklarasyon pòtigè a.
Siksè sa pèmèt Botafogo okipe premye plas gwoup B a ak 6 pwen anvan dènye match faz gwoup la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou