FRANSLigue1Ligue2CoupeDeFranceLòt
AKÈY FRANS Lòt

Lòt

OL Lyonnes kòmanse frape fò sou mache transfè a

imaj atik la

22 Me 2025   Jacky Chéry   280

Kèk jou aprè anons ofisyèl pwojè OL Lyonnes lan, seksyon feminen Olympique Lyonnais an fè premye gwo kou yo sou mache an. Lyonnes yo siyen Jule Brand ki t ap evolye Wolfsburg nan Bundesliga a.


Atakant entènasyonal alman an siyen yon kontra avèk klèb fransè an pou 3 sezon, k ap gen pou pran fen nan lane 2028. Lyonnes yo fè premye pa nan kanpay rekonstriksyon prezidan klèb lan, Michele Kang, te anonse pandan jou pase yo.

Jwez 22 lane an pral kapab evolye bò kote Melchie Daëlle Dumornay nan nouvèl jenerasyon jwez sa yo k ap sèvi baz nouvo pwojè OL Lyonnes lan. Jule Brand sòti nan yon sezon kote l jwe 30 match avèk Wolfsburg tout konpetisyon melanje.

Atakant alman an, malgre jèn laj li an, se deja yon kad nan seleksyon Almay lan. A sèlman 22 lane, li deja jwe 59 fwa avèk Mannshaft lan e te nan ekip Almay ki te pran meday Bwonz nan JO Paris 2024 yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou