Nan okazyon final Koup Itali a, AC Milan tonbe fas Bologne (0-1) jodi mèkredi a nan Stadio Olimpico a.
Nan okazyon final Koup Itali a, AC Milan tonbe fas Bologne (0-1) jodi mèkredi a nan Stadio Olimpico a.
Aprè yon premye peryòd nil kote 2 fòmasyon yo youn te metrize lòt malgre jwèt yo pa t sedwizan, klèb italyen yo te lanse yon dezyèm peryòd ki te gen plis vivasite.
Nan dezyèm peryòd la, Rossoneri yo krake pandan yo sibi ouvèti eskò a nan 53èm minit lan. Gòl sa vini ak Ndoye ki te fè yon bèl frap devan Maignan. Touswit aprie, pwoteje Sergio Conceiçao pa t kapab relanse pati a.
Bologne pran twazyèm tit li nan konpetisyon sa, pandan Milan ki okipe 8èm plas Serie A kontinye fè moun wont.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou