Aprè anpil sispens, Naples rive ranpòte serie A a nan dènye jounen an jodi vandredi a.
Aprè anpil sispens, Naples rive ranpòte serie A a nan dènye jounen an jodi vandredi a.
Nan rankont sa, jwè Naples yo ki konnen viktwa se kle pou louvri kadna pou yo menm si Inter Milan bat, pran desten li epi domine advèsè a san lache. E gras ak dominasyon sa, Partenopei yo genyen Cagliari (2-0).
Pou patisipe epi ofri tit chanpyon an ak klèb napoli a, McTominay make yon bèl gòl nan 42èm minit pou te mete match (1-0) avan Lukaku 51èm minit konplike tach la pou advèsè yo.
Swit ak eksplwa Naples fè a, yo pran 4èm twofe yo nan listwa Serie A Italyen an. 8 jou anvan final Ligue des champions an fas PSG, klèb lombard a bat Côme (0-2) men sa pa ede paske Antonio Conte ak pwoteje li yo fè esansyèl la.
Reina ki t ap jwe dènye match li nan karyè l, fini pakou li ak yon katon wouj il pran nan match kont Inter Milan. De Vrij (20èm) e Correa (51èm), se 2 moun ki te make pou te fè Inter espere soulve twofe sezon 2024/2025 lan. Malerezman, Lukaku ak koyekipye l yo di sa p ap pase e li mete yon 4èm tit nan listwa Naples.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou