UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

PSG ekri listwa: premye tit Ligue des Champions pou klèb parizyen an

imaj atik la

31 Me 2025   Jacky Chéry   664

Paris Saint-Germain (PSG) ranpòte jodi samdi 31 me an premye Ligue des Champions nan tout listwa l lè li kraze Inter Milan 5-0 nan Allianz Arena. Viktwa sa a make yon vire total nan listwa klèb la ki te konn ap chèche glwa sa depi plizyè lane.


Jèn mitan teren fransè an, Désiré Doué te vedèt match la ak 2 gòl epi yon pas desizif. Li vin pi jèn jwè ki reyalize yon pèfòmans konsa nan final Ligue des Champions. Achraf Hakimi, Khvicha Kvaratskhelia, ak Senny Mayulu te ajoute 3 lòt gòl yo pou mete bouchon sou yon final parizyen yo te domine depi nan kòmansman jiskalafen.

Antrenè Luis Enrique, ki te deja ranpòte konpetisyon sa ak Barcelona an 2015, montre eksperyans li ak kapasite pou konstui yon ekip solid. Avèk tit sa, PSG mete pwen final sou ane dominasyon lokal li yo, kote li te deja ranpòte Ligue 1 an ak Koup Lafrans, sa ki fè yon triplé istorik.

Depi lè Kata te achte klèb la nan lane 2011, PSG te toujou vize Ligue des Champions an san siksè. Ak jenerasyon jèn sa a epi bon jesyon teknik, klèb la finalman reyalize rèv li. Tit sa a se pa sèlman yon viktwa pou fanatik Paris Saint-Germain yo, men pou tout foutbòl fransè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou