UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

UEFA chanje yon règ pou Champions League la sezon sa

imaj atik la

10 jiyè 2025   Benswilkenson Jean   738

UEFA fè yon chanjman nan règ ki gen pou wè ak ki ekip ki ap resevwa match lakay li nan Champions League la.


UEFA retire afè tiraj pou detèmine ki kote match ale-retou yo ap jwe a. Enstans sila a pote chanjman sa akoz kèk plenyen ki konn genyen aprè tiraj la.

Kounye a se klasman faz gwoup la ki ap di ki kote match faz dirèk yo ap jwe. 8 ekip ki fini premye nan faz gwoup la, se yo ki ap jwe match retou a lakay yo. Sa ki vle di yo ap deplase anvan lakay advèsè a epi pou match retou a se yo ki ap resevwa.

Pami 8 ekip sa yo, 4 premye yo ap toujou gen aksè sa jiska kadefinal. Si youn nan ekip sa yo gentan elimine nan 1/8èmfinal, se ekip ki bat li a ki ap jwi privilèj la.

Nan menm 8 premye sa yo, 2 premye yo ap benefisye privilèj sa a jiska demifinal. Sa vle di se yo ki ap deplase anvan, epi pou yo resevwa aprè.

Se nouvo règ sa a UEFA mete nan Champions League la. Règ sa ap kòmanse depi sezon 2025-2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )