Nan kad preparasyon pou Euro Feminen 2025 lan kote Swis ap òganize konpetisyon an, seleksyon fanm peyi a sibi yon gwo defèt (7-1) kont jèn gason ki gen mwens pase 15 lane nan FC Lucerne. Malgre Federasyon an pa t vle pibliye nouvèl la, se yon adolesan ki te pataje enfòmasyon an sou rezo sosyal.
Nan mwa jiyè sa k ap vini la, Swis pral akeyi Euro Feminen 2025 lan, youn nan pi gwo konpetisyon foutbòl fanm sou kontinan Ewòp la. Pou pi byen prepare, seleksyon nasyonal fanm Swis la te jwe yon match amikal kont ekip U15 FC Lucerne (yon ekip jèn gason ki gen mwens pase 15 lane).
Match la te fèt a Nottwil, yon kominn an Swis. Li te divize an twa peryòd, yo chak dire 30 minit, jan yo konn fè li nan sesyon pratik yo. Malgre li pa t ofisyèlman anrejistre kòm match amikal, defèt la te chokan: 7-1 an favè jèn gason yo.
Federasyon Foutbòl Swis la (SFV) pa t mete nouvèl match la piblik, li te konsidere l kòm yon sesyon preparasyon prive ak yon imilyasyon. Men, yon jèn jwè FC Lucerne ki te fyè de gwo viktwa a, te pataje rezilta a sou Instagram. Se konsa nouvèl la gaye rapid sou entènèt, sa leve anpil kesyon sou nivo preparasyon seleksyon fanm Swis la.
Daprè SFV, objektif match la te plis pou travay sou kondisyon fizik, presyon taktik, ak reyaksyon rapid, se pa t pou fè konparezon nivo ak jèn gason yo. Federasyon an deklare tou yo pa t ap "kache" defèt la, yo jis pa t oblije anonse chak sesyon antrènman ki fèt an prive.
Defèt kont U15 yo pa nesesèman vle di seleksyon fanm Swis la pa pare. Men li mete aksan sou bezwen yo genyen pou travay pi plis sou estrateji ak preparasyon fizik. Ak plizyè match amikal ki deja pwograme anvan Euro 2025 lanse, fanm Swis yo dwe montre yo ka leve defi a lakay yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou