UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA Lòt

Lòt

Balon Dò : Èske Real Madrid poko fin ranje kòlè yo pou Vinícius?

imaj atik la

15 dawout 2025   Steve Pierre   533

Malgre Vinícius Jr, Jude Bellingham ak Kylian Mbappé nan lis 30 jwè ki nomine pou Balon Dò 2025 lan, Real Madrid pa fè okenn pòs sou rezo sosyal yo pou felisite yo. Atitid sa a fè moun poze kesyon sou relasyon ki frèt ant klèb la ak France Football, yon lane aprè gwo pale anpil ki te fèt sou ka Vinícius la.


Ane pase, Real Madrid pa t kache fristrasyon yo. Vinícius Jr, ki te fè yon sezon ekstraòdinè nan 2023-2024 ak gòl enpòtan nan Ligue des Champions ak yon gwo wòl nan viktwa Sipèkoup la, te sèlman klase 2èm nan Balon Dò a. Pou anpil moun andedan klèb la, li te merite twofe a plis pase Rodri.

Direksyon klèb la, antrenè Carlo Ancelotti ak plizyè jwè kle te fè konnen yo pa konprann rezilta sa. Genyen ki te wè sa tankou yon enjistis espòtif, ansanm ak yon mank respè, sitou lè yo sonje tout epizòd rasis jwè brezilyen an te sibi pandan sezon an.

Yon lane aprè, lis 30 nomine pou Balon Dò 2024 la sòti. Twa non ki gen rapò ak Real Madrid ladan l : Vinícius Jr, Jude Bellingham, ak Kylian Mbappé. Men, kontrèman ak sa yo konn fè chak lane, pa gen okenn mesaj felisitation ki parèt sou kont ofisyèl klèb la, ni sou Twitter, ni sou Instagram, ni sou Facebook.

Èske sa vle di Real Madrid p ap janm enterese nan dosye Balon Dò a ankò? Èske se jis yon aza? Oubyen èske yo poko sispann fache pou kalòt yo te bay Vinícius lane pase a? Pou kounye a, silans sa a fè anpil moun panse gen yon gè ant Casa Blanca a ak France Football.

Si blesi 2024 la poko fin geri, Balon Dò 2025 la ta ka yon bèl okazyon pou Vinícius pran revanj li, men pou lane a, atakan brezilyen an pa nan tòp 3 pi gwo favori yo ki se : Raphinha, Dembele ak Hakimi.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )