AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Batcheba Louis fè yon bon kou pou sove Birmingham City

imaj atik la

21 Novanm 2025   Jacky Chéry   625

Nan Koup Angletè a, atakan entènasyonal ayisyèn nan Batcheba Louis sove Birmingham City ki te nan gwo difikilte kont Aston Villa. Grenadye an enskri yon gòl desizif pou te mennen match lan nan pwolongasyon.


Batcheba Louis ki te rantre nan kòmansman dezyèm mitan an nan plas Oceane Hurtre, pèmèt Birmingham City jwenn yon egalizasyon kont Aston Villa (3-3), sou yon gòl nan tan adisyonèl.

Gras ak grenn gòl sa, Birmingham City k ap evolye nan dezyèm divizyon foutbòl fanm Angletè an genyen Aston Villa nan seyans chout penalite. Koyekipye Batcheba Louis yo te efikas nan seyans sa kote yo konvèti tout 4 chout yo an.

N ap note, atakan entènasyonal ayisyèn lan ki t ap evolye pandan plizyè sezon nan FC Fleury, an Frans, enskri nan okazyon sa jodi vandredi an 5èm gòl li sou koulè Birmingham City kote l ap evolye depi kòmansman sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou