AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Sébastien Migné bay jwè ki ap jwe an Ayiti yo lespwa

imaj atik la

20 novanm 2025   Benswilkenson Jean   599

Antrenè seleksyon nasyonal la, Sébastien Migné deklare aprè kalifikasyon Ayiti pou Mondyal la, anvan rasanbleman mwa mas la l ap vini an Ayiti pou gade jwè lokal yo. Gen posiblite pou jwè lokal yo seleksyone ak seleksyon an.


Antrenè fransè a te fè yon deklarasyon aprè kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la nan mikwo laprès. Nan yon moman foutbòl retounen ap jwe nan peyi a Sébastien Migné fè konnen li ap vini gade jwè lokal yo.

"Mwen panse l ap nesesè anvan rasanbleman mwa mas la pou m ale Ayiti pou mwen eseye gade kisa ki ap pase sou tèren yo ak jwè lokal yo. Se yon mesaj mwen voye, ap gen yon lis 26 jwè se yo ki pou montre m sa yo ka fè" deklarasyon Sébastien Migné.

N ap raple Sébastien Migné se premye antrenè etranje ki kalifye Ayiti pou yon Mondyal.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou