Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan 18èm jounen chanpyona twazyèm divizyon polonè a, Wilde-Donald Guerrier ak klèb Hutnik Cracovie a, konnen yon 4èm rankont san viktwa an deplasman lakay LKS Lodz II ayè vandredi a. Klèb grenadye a tonbe (2-0) fas yon ekip ki ap goumen pou rete nan D3 menm jan ak yo.
Nan 18èm jounen chanpyona twazyèm divizyon polonè a, Wilde-Donald Guerrier ak klèb Hutnik Cracovie a, konnen yon 4èm rankont san viktwa an deplasman lakay LKS Lodz II ayè vandredi a. Klèb grenadye a tonbe (2-0) fas yon ekip ki ap goumen pou rete nan D3 menm jan ak yo.
Aprè orijinè Pòtapimen fin rejwi pou bèl kalifikasyon grenadye yo fè pou Mondyal 2026 la, Wilde-Donald te reprann tèren ak klèb li pou tante kontinye ede yo defann yon plas nan D3 polonè a. Malerezman pou Hutnik Cracovie, advèsè jounen an jwenn bout yo pandan li pase yo 2-0 pou pran 3 pwen sa ki pèmèt yo rete ak espwa.
Lateral ayisyen an ki te motive pou rankont sa daprè yon pòs li te fè sou paj li, te montre nan ki nivo li swete fè eksplwa ak koyekipye li yo. Poutan, antrenè klèb la te chwazi kòmanse avè l sou ban, sa ki te rann motivasyon sa diminye malgre li te antre nan 62èm pou pote ranfò ak liot mesye yo ki te gentan sibi ouvèti eskò a.
Avèk prezans li aprè 62 minit, klèb la te ankese yon dezyèm gòl nan 82èm minit sa ki pa t an favè pwoteje Krzystof Lipecki yo ki pa genyene pou yon 4èm rankont afile nan chanpyona a. Sou 4 dènye match Hutnik jwe nan chanpyona a, yo fè 2 defèt ak 2 match nil. Yo okipe 15èm plas chanpyona polonè a ak 18 pwen pou 18 rankont jwe. Si sa pa chanje anvan chanpyona fini, gen posiblite pou klèb grenadye abandone twazyèm divizyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou