Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Ansyen defansè entènasyonal ayisyen U-20, Jaylen André Vilsaint, rejwenn Real Racing Club Santander, klèb espanyòl dezyèm divizyon. Yon lòt etap nan karyè foutbòl jèn Grenadye an ki t ap evolye anvan sa nan peyi Pòtigal.
Sou rezo sosyal yo, jwè 20 lane anonse nouvèl sa ki ofisyèl depi kòmansman jounen an. Vilsaint ki fèt Montréal, nan peyi Kanada, poze l avèk mayo nouvo ekip li, k ap evolye nan chanpyona dezyèm divizyon espanyòl lan.
Kapitèn dènye seleksyon U-20 Ayiti an, Jaylen André Vilsaint te egalman jwenn yon konvokasyon nan ekip senyò an pou premye match Sébastien Migné te dirije avèk seleksyon ayisyèn lan lane pase.
Daprè enfòmasyon ki disponib yo, jèn Grenadye an ta dwe kòmanse avèk ekip rezèv Racing Santander an k ap evolye nan katriyèm divizyon, avèk posiblite pou ta entegre premye ekip lan.
N ap note, Jaylen André Vilsaint te evolye pandan yon moman nan CF Montréal, anvan l te pran direksyon Pòtigal pou rejwenn ekip jèn SCU Torreense an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou