AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Duckens Nazan fè yon bèl diskou anvan match Ayiti-Nikaragwa a

imaj atik la

20 novanm 2025   Benswilkenson Jean   581

Chouchou ayisyen an Duckens Nazon fè yon gwo diskou pou motive Grenadye yo anvan match kont Nikaragwa a.


Anvan seleksyon nasyonal la jwe kont Nikaragwa, Duckens Nazon ki se atakan ekip la te fè yon bèl diskou pou motive koyekipye l yo.

Men sa ki te di nan deklarasyon an: "Ayè mwen pale avèk yon moun, li di m: Pou m onèt avèk ou, isit nan peyi Ayiti gen moun ki pa gen plis pase mil goud nan pòch yo. Se tout sa yo genyen, yo pa gen lòt bagay ankò aprè nou menm. Si nou pa genyen, yo p ap gen anyen ankò. Jodi a nou gen chans pou nou fè kè yo kontan, konsa tou nou ka fè yo kriye oubyen nou ka fè yo kriye tèlman yo kontan. Ann ba yo sa a, yo pa gen anyen nan pòch yo. Yo sèlman konte sou pye nou. Silvouplè an nou pa fè yo wont. Nou se Ayisyen, nou fyè nou se Ayisyen. Advèsè a paka pi motive pase nou menm. Nou se Ayiti, Ayiti,Ayiti" Diskou Duckens Nazon anvan match la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou